Le Frantz

Le Frantz Bò isi a, nou valorize richès peyi a atravè repòtaj de kalite. Abòne pou w ka fè pati fanmi an.

Nou vizite kominote yo pou montre jan yo viv chak jou, epi nou mete limyè sou fanm ak gason k ap fè travay enpòtan pou devlopman sosyete a.

Dimanch 6 septanm k ap vini la a, nou envite w vin patisipe ak nou nan premye edisyon "La nuit d'antan" k ap fèt devan K...
25/08/2026

Dimanch 6 septanm k ap vini la a, nou envite w vin patisipe ak nou nan premye edisyon "La nuit d'antan" k ap fèt devan Kanari bar la nan Mol Sen Nikola a pati 8 tè nan aswè.
Se pral yon eksperyans san parèy, nou pral fè yon vwayaj nan pase nou pou n al koute bon mizik lane 80-90 yo epi nap gen yon twoubadou ki pral vin mete seriz sou gato.
Pri a pa anpil 500 goud sèlman.

Pou plis enfòmasyon ou si w ta anvi sponsorize aktive a kontakte nou : +5094475 0953/+509 4498 3613

Se yon inisyativ Le Frantz X Elprooodigio ak Kanari bar...

03/08/2026

Yon Istwa ou dwe tande🙏🏻...
Jèn sa a demare yon biznis ak 1500 goud. Jodi a li bay 6 moun travay🫂📌...

Avèk sèlman 1 500 goud, yon jèn agronòm bati yon antrepriz epi kreye djòb nan BonbadopolisGen moun ki wè difikilte kòm y...
31/07/2026

Avèk sèlman 1 500 goud, yon jèn agronòm bati yon antrepriz epi kreye djòb nan Bonbadopolis

Gen moun ki wè difikilte kòm yon fren pou avni yo, tandiske gen lòt ki fè l tounen yon sous motivasyon. Se egzakteman sa Nick-Enley Timothée demontre.

Pou premye epizòd ribrik "Yon Sitwayen, Yon Istwa, Yon Vizyon" an, ekip Le Frantz lan te pran direksyon lokalite Krèv, nan twazyèm seksyon kominal Bonbadopolis, pou al rankontre jèn antreprenè sa a ki deside envesti lakay li epi kreye opòtinite pou kominote li.

Nick-Enley Timothée fèt nan sant vil Mòl Sen Nikola. Lavi pa t fasil pou li. Depi byen bonè, li pèdi youn nan moun ki te pi chè pou li: manman li. Apre trajedi sa a, li te oblije kite vil natal li pou l al viv ak granparan li nan Krèv. Malgre gwo chòk sa a, li pa t janm kite difikilte kraze rèv li. Li fè tout etid klasik li nan Salem, youn nan pi gwo lekòl ki genyen nan kanton an.

Apre NS4, li ale Pòtoprens pou kontinye etid siperyè li nan UNASMOH. Se la li chwazi etidye agwonomi, yon domèn ki te toujou pasyone l, paske li te toujou kwè agrikilti kapab jwe yon gwo wòl nan devlopman peyi a.

Avèk sèlman 1 500 goud, li lanse yon ti antrepriz pou transfòme grenn maskreti an lwil. Kòmansman an pa t fasil, men grasa disiplin, detèminasyon ak bon jesyon, antrepriz la grandi piti piti.

Jodi a, biznis li a pa sèlman mete an valè yon resous lokal, men li kreye travay tou pou kat (4) moun, yon reyalizasyon ki montre antreprenarya kapab pote chanjman menm nan zòn riral yo.

Nan entèvyou li ak Le Frantz, Nick-Enley rakonte tout etap li te pase yo, depi nan moman ki te pi difisil yo rive nan premye viktwa li yo. Li pataje tou vizyon li pou devlope antrepriz li, kreye plis djòb epi ankouraje lòt jèn kwè nan kapasite yo.

Si ou vle dekouvri istwa li an detay, gade entèvyou konplè a atravè lyen ki nan premye kòmantè a.

Pa bliye abòne ak paj la, pataje atik la epi kite yon kòmantè pou ankouraje inisyativ ki mete jèn ayisyen yo an valè.

Si ou se yon jèn ki gen yon pakou ekstraòdinè oswa yon pwojè ki merite plis vizibilite, oubyen ou konnen yon moun ki merite rakonte istwa li, kontakte ekip Le Frantz lan sou +509 4475-0953. Petèt se istwa pa li k ap pwochen nan ribrik "Yon Sitwayen, Yon Istwa, Yon Vizyon".

24/07/2026

Mwen kwaze avè l k ap mande sou bò wout la, mwen chwazi mennen l manje nan pi gwo restoran ki nan zòn lan❤️🥰😍..

Mwen te gen chans kwaze ak granmoun sa a pandan m t ap monte Krèv. Li te chita bò wout la ap mande, mwen te deside fè yo...
22/07/2026

Mwen te gen chans kwaze ak granmoun sa a pandan m t ap monte Krèv. Li te chita bò wout la ap mande, mwen te deside fè yon ti kanpe pou m pale avè l. Li te di m se la li chitamande chak madi ak jedi paske se jou sa yo ki gen plis monte desann sou wout bo lakay li a.

Pandan n t ap pale, mwen te pran desizyon envite l al manje avè m nan pi gwo restoran ki nan zòn nan. Se te yon ti jès, men li te vin fè yon gwo diferans lè m te wè ki gwosè souri sa te mete sou vizaj li.

Se youn nan moman mwen pap janm bliye, paske pafwa yon senp ti aksyon ka chanje jounen yon moun.

Mwen te pwofite filme moman sa a pou m pataje l avèk nou. Si w vle wè tout istwa a, pase sou chanèl YouTube Le Frantz lan. Lyen an nan premye kòmantè a. ❤️🙏🎥🎤

12/07/2026

Aprè soup joumou, diri sòs pwa legim. Men yon twazyem manje Ayisyen w dwe konnen😊😋🙂...
Sonje abòne ak paj la

Chak zòn nan peyi a gen yon manje ki fè pati idantite li. Yon manje  depi w pran premye kiyè a, leve yon pakèt bèl souvn...
10/07/2026

Chak zòn nan peyi a gen yon manje ki fè pati idantite li. Yon manje depi w pran premye kiyè a, leve yon pakèt bèl souvni nan anfans ou.

Pou nou menm nan Mòl Sen Nikola, manje sa a se Doub Motè. Yon plat tradisyonèl ki fèt ak pwodui lokal tankou fig, bannann, lam, tayo, pwason ak lòt engredyan ki bay gou lakay.

Dimanch pase a, Le Frantz, ansanm ak plizyè jenn fanm ak gason ki soti nan sant vil la, te deside retounen viv yon ti moso nan anfans yo. Nou te prepare Doub Motè, nou te benyen nan larivyè, epi nou te pase yon bèl jounen ant zanmi, anpil ri, pataj ak bon souvni.

Nou te pwofite eksperyans sa a pou nou fè yon videyo, pou tout moun ki pa t ka la yo kapab viv moman an ansanm avèk nou epi sonje bèl tan lontan.

Klike sou lyen ki nan premye kòmantè a pou w ka al viv bèl eksperyans sa ak nou...❤️😍🥰

E ou menm, kisa Doub Motè fè w sonje? Rakonte nou nan kòmantè yo!

28/06/2026

Tout simplement le paradis du Nord-ouest...😊🥰😍

27/06/2026

Pou Summer a, si w pa ka mennen l Monaco, mennen l Mole Saint Nicolas🤔🙂🤭

Aujourd'hui, nous sommes tous au front derrière nos Grenadiers. Ce n'est pas seulement un match, c'est une bataille de c...
13/06/2026

Aujourd'hui, nous sommes tous au front derrière nos Grenadiers. Ce n'est pas seulement un match, c'est une bataille de cœur, de fierté et d'espoir. Peu importe l'adversaire, nous sommes unis derrière nos couleurs. Allez Haïti, allez les Grenadiers ! 🇭🇹⚽❤️
Nou nan batay.....!

Adresse

Port-de-Paix

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Le Frantz publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Le Frantz:

Raccourcis

Partager