27/08/2024
𝟑𝟑 𝐳𝐚𝐧 𝒂𝒑𝒓𝒆̀ 𝑷𝒂𝒑𝒂 𝑫𝒆𝒔𝒂𝒍𝒊𝒏 (𝒂𝒑𝒓.𝑫.), 𝐤𝐨𝐧𝐠𝐫𝐞̀ 𝐩𝐨𝐥𝐢𝐭𝐢𝐤 𝐞𝐬𝐩𝐢𝐫𝐢𝐭𝐲𝐞̀𝐥 𝐁𝐰𝐚𝐤𝐚𝐲𝐢𝐦𝐚𝐧 𝐨𝐮𝐯𝐞̀ 𝐩𝐨̀𝐭 𝐩𝐨𝐮 𝐧𝐨𝐮𝐯𝐨 𝐦𝐨𝐧𝐧 𝐥𝐚𝐧 𝐞𝐩𝐢 𝐜𝐡𝐚𝐧𝐣𝐞 𝐝𝐢𝐫𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐥𝐢𝐦𝐚𝐧𝐢𝐭𝐞; 𝐍 𝐚𝐩 𝐯𝐞𝐧𝐞𝐫𝐞 𝐃𝐞𝐬𝐚𝐥𝐢𝐧, 𝐧 𝐚𝐩 𝐤𝐨𝐦𝐞𝐦𝐨𝐫𝐞 𝟏𝟒 𝐁𝐰𝐚𝐤𝐚𝐲𝐢𝐦𝐚𝐧.
Depi nan papòt, nou panse li enpòtan pou nou jayi limyè sou ekspresyon 𝒂𝒑𝒓𝒆̀ 𝑷𝒂𝒑𝒂 𝑫𝒆𝒔𝒂𝒍𝒊𝒏 (𝒂𝒑𝒓.𝑫.) lan ki chita kò l nan tit atik sa.
Gran chachè syantifik yo dekoupe listwa apati diferan gran peryòd tankou: pre-istwa, Antikite, laj mwayen, epòk modèn rive nan epòk kontanporen an. Pakont, Nan lanbisyon puisans Ewopeyen yo genyen pou domine monn lan, andoktrinman krisyanis la (katolik sitou) se pami pyès ki pi enpòtan ki pou ede yo asèvi lòt pèp. Nan pèspektiv sa, yo konstrui tout vizyon mond lan alantou pèsonaj kle relijyon jideyokretyen an; Jezi. Sa ki lakoz tout entèlektyèl, tout kònòsò ki enfliyanse ak paradig jideyokretyen an gen labitid pran Jezi kòm yon repè kwonolojik nan ekri yo. Fòmil la se olye ekriven oubyen pansè yo site peryòd yon kèlkonk fenomèn nan listwa yo pito itilize akwonim "𝑎𝑣. 𝐽.-𝐶.(𝐴𝑣𝑎𝑛𝑡 𝐽𝑒́𝑠𝑢𝑠-𝐶ℎ𝑟𝑖𝑠𝑡) 𝑎𝑛 𝑓𝑟𝑎𝑛𝑠𝑒̀, 𝐵𝐶 (𝐵𝑒𝑓𝑜𝑟𝑒 𝐶ℎ𝑟𝑖𝑠𝑡) 𝑎𝑛 𝑎𝑛𝑔𝑙𝑒̀ pou tout fè ki date avan fiksyon Jezi a (fiksyon puiske pèsonaj Jezi labib dekri a pa t janm egziste nan reyalite) oswa " 𝐴𝑝𝑟. 𝐽.-𝐶. (𝐴𝑝𝑟𝑒̀𝑠 𝐽𝑒́𝑠𝑢𝑠-𝐶ℎ𝑟𝑖𝑠𝑡)" pou evènman ki nan tan modèn lan. Kidonk loksidan gen ase odas santre listwa limanite sou yon senp mit jideyokretyen. Bagay la tèlman byen fè chimen l nan kòkòlòs tèt aprè plizyè syèk, menm pansè ki konn ap kesyone egzistans Jezi konn ap pwononse av. J.-C.
Alòske bò kote pa n, san se pa lejann, nou gen ewo ki te bèl e byen egziste, ki reyalize yon kolonn evènman nan yon seri dat ki make listwa limanite e pyès lòt ewo pa janm rive reyalize sou latè. Kite m pran egzanp yon ewo avèk yon dat; Jan Jak Desalin, Anperè Jak 1e, okenn moun nan tout listwa limanite pa janm rive reyalize sa Papa Desalin akonpli nan limanite. San nou pa inyore patisyon enpòtan lòt ewo nou yo jwe nan sa Anperè a akonpli: Sou eritaj Boukman, Tousen ak lòt Bosal, nan sèlman 13 lane batay, Desalin ak lame endijèn li rive kraze yon sistèm lesklavajis, kolonyalis, rasis plengrennen kolon yo konstrui pou yo bwè san moun nwa pandan 300 zan.
- Desalin se pi gwo senbòl liberasyon pou tout pèp oprime sou latè, kit blan kit nèg.
- Se premye distribitè endepandans nan mond lan.
- Desalin se sovè ras nwa a anba zak kriminèl babari blan an.
- Se fondatè premye nanchon nwa lib e endepandan.
- Se Desalin ki akouche pwojè seremoni Bwakayiman an.
Gen 2 rezon ki eksplike pouki loksidan pa ka pale de Papa Desalin kòm gwo ewo. Premye a se paske Desalin se premye bosal ki deklare blan kolon puisan lagè e ki met do yo atè san yo pa ka manyen plim sou do l. Pitit pitit Napoléon Bonaparte yo pa ka dijere desepsyon istorik sa. Se sa k fè nan tout defèt Napoléon Bonaparte pran, Lafrans wont pou l anseye nan lekòl li rakle lame fransè a pran atè a la Vètyè anba men Desalin ak Kapwa Lamò. Dezyèm rezon an, se sèlman chèf blan k ap masakre lòt pèp pou vòlè richès yo loksidan rele ewo, pa egzanp: Adolphe Hi**er, Bonaparte, Constantin, Léopold 2, César... yo pa t ap janm renmen Desalin kòm ewo ki t ap simaye libète.
Okenn ewo nan mond lan pa ase gran pou rive nan pwent pye Desalin pi Gran an.
Se latriye rezon sa yo ki jistifye nan paradig Ayisyen an, si gen yon grenn moun ki merite plase nan sant limanite kòm reperaj tan an se papa Desalin. Alò nou itilize 𝒂𝒏𝒗. 𝑫. (𝑨𝒏𝒗𝒂𝒏 𝑫𝒆𝒔𝒂𝒍𝒊𝒏) / 𝒂𝒑𝒓. 𝑫. (𝑨𝒑𝒓𝒆̀ 𝑫𝒆𝒔𝒂𝒍𝒊𝒏) pou senplifye fenomèn, evènman, panse nou pa gen presizyon sou tan yo. 𝒂𝒏𝒗. 𝑫 pou anvan nesans papa Desalin 1758 selon kalandriye oksidantal la, 𝒂𝒑𝒓. 𝑫. pou peryòd ant 1758 a 1804 nan kalandriye oksidantal la. Anplis nou konsidere dat endepandans peyi Ayiti kòm ane 1, senbòl nesans yon nouvo mond san kolonizasyon ak lesklavaj. Paske 1e endepandans lane 1 (1̵e̵ ̵j̵a̵n̵v̵y̵e̵ ̵1̵8̵0̵4̵) pa t sèlman pwoklamasyon endepandans Ayiti, men li te tou bay nouvo monn lan batistè. Se te yon nouvèl epòk ki pran nesans.
Li enpòtan pou n ranmase gany istorik yo nan dimansyon yo ye a. Paske konnen listwa se youn, konprann ak abòde evènman yo nan dimansyon yo se 2. Se dezyèm lan menm k ap konstrui pèsepsyon moun sou pase w.
Dezòmè, mwa "Août" ki pote non Auguste César nan kalandriye Gregoryen Lawòm lesklavaj fè nou adopte a, nan kalandriye orijinal Ayisyen an (Almanak Boyo) mwa sa batize sou non 𝐁𝐰𝐚𝐤𝐚𝐲𝐢𝐦𝐚𝐧.
Nou di; 𝟏𝟒 𝐁𝐰𝐚𝐤𝐚𝐲𝐢𝐦𝐚𝐧, 𝟑𝟑 𝐳𝐚𝐧 𝒂𝒑𝒓. 𝑫. se pi gwo dat istorik ki pote bonè pou tout ras nwa. Se dat ki soufle yon lòt van nan vwèl bato mond lan ki fè l chanje direksyon. Si se pa t 14 Bwakayiman, petèt tout moun nwa te ka toujou konsidere pwopriyete prive yon yon blan kolon. Petèt blan kolon t ap toujou vyole nou matirize nou. Petèt plis pèp nwa t ap gentan disparèt menm jan ak pèp Tayino yo. Jodi a gras a Seremoni Bwakayiman tout moun nwa ka leve tèt gade nan je tout nasyon kèlkeswa koulè po l, e l ap wè s on MOUN egal ego. Se gras a Seremoni Bwakayiman jounen jodi a menm peyi ki te pi rasis nan mond lan gen nwa ki dirije yo, tankou: Etazini ak anpil lòt.
- Seremoni Bwakayiman se premye kote lide panafrikanis lan donnen epi egzèse.
- Se pi gwo rasanbleman moun nwa ki non sèlman reyini kaptif yo men ki reyini enèji espirityèl Lafrik ak Tayino pou Libète ak dwa moun boujonnen. Pawòl la di: 𝑇𝑜𝑢𝑡 𝑚𝑜𝑢𝑛 𝑒𝑔𝑎𝑙 𝑒𝑔𝑜!
- Se kongrè Bwakayiman ki bay nesans avèk konsèp 𝐋𝐢𝐛𝐞̀𝐭𝐞 pou tout moun. Kote esklav yo mete yo dakò se swa yo mouri oubyen yo viv lib; jouk yo kenbe slogan sa kòm deviz pou mennen revolisyon an epi enskri l nan premye drapo peyi a Desalin adopte 𝐋𝐢𝐛𝐞̀𝐭𝐞 𝐨𝐮 𝐋𝐚𝐧𝐦𝐨̀.
- Se nan seremoni Bwakayiman kesyon dwa moun revandike nan tout dimansyon l.
Premye prensip fondalnatal Bwakayiman an di: 𝑻𝒐𝒖𝒕 𝒎𝒐𝒖𝒏 𝒔𝒆 𝒎𝒐𝒖𝒏, 𝒑𝒂 𝒈𝒆𝒏 𝒎𝒐𝒖𝒏 𝒑𝒂𝒔𝒆 𝒎𝒐𝒖𝒏!
Zansèt yo te di: 𝑇𝑜𝑢𝑡 𝑚𝑜𝑢𝑛 𝑒𝑔𝑎𝑙 𝑒𝑔𝑜! pou eksprime prensip sa.
- Se nan kongrè politiko-espirityèl sa pwojè kreye premye pèp nwa lib e endepandan an pran nesans.
- Se nan seremoni Bwakayiman lide al ede lòt pèp libere pou dechouke lesklavaj la nèt nan mond lan kale.
𝐊𝐨̀𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐥𝐚 𝐩𝐚 𝐤𝐨𝐦𝐞𝐦𝐨𝐫𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐠𝐰𝐨 𝐝𝐚𝐭 𝐢𝐧𝐢𝐤 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐚?
Selon mwen menm gen 2 rezon ki eksplike pouki 14 Bwakayiman 33 𝑧𝑎𝑛 𝑎𝑝𝑟. 𝐷. pa komemore nan listwa; premye rezon a se modèl entèlektyèl yo, dezyèm lan se leta Petyon an.
Youn nan prensip kolonizasyon se mete tout mekanis pou ranplase kilti kolonize yo pa kilti kolonizatè yo. Vodou se kilti moun yo t al kidnape an Alkebulan/Katiopa (Afrik) yo. Kidonk, Li difisil pou istoryen ki fòme nan lekòl kolonyal la te mete yon seremoni vodou ki charye yon dimansyon politik revolisyonè an valè nan apwòch li yo. Non sèlman prejije, majinalizasyon espas li konstrui sou vodou pa pèmèt li sa. Dayè se ti katolik mesyedam entèlektyèl sa yo te ye. Epitou, majorite istoryen epòk la te plis ti fransè alò, m vle di se pa fòseman fransè antèm nasyonalite men sitou fransè antèm valè sivilizasyonèl. Kidonk Moun sa yo plis fòje pou fè pwomosyon pou mòd panse ak modèl lavi kolonyal la, epi asire sante sistèm ki kreye yo a. E sistèm lan aranje l pou l konbat tout moun ki soti nan moul li a defo fabrik.
Nou ta ka mande tèt nou; Poukisa yo disparèt pi fò tèks Boirond Tonnerre kòm istoryen ki te viv yon bon pati nan peryòd kolonyal la e ki te sekretè ak konseye Anperè Desalin alòske yo prezante n Thomas Madiou kòm papa listwa (Aprè l fin etidye dwa anfrans). Poukisa pyès nan istoryen lekòl anseye yo pa rapòte priyè Boukman te pwononse nan seremoni an? Se jis anapre Era Dimèlz fouye zo nan kalalou pou rapòte sa? Nou ta ka poze anpil lòt kesyon. Men an nou kontinye devlope sijè a pito.
Vodou a se konesans espirityèl mistik Ayisyen aplike byen nan ekwasyon defans ak atak. (Rezistans popilasyon an nan Ponsonde ak Chandèl kont gang yo demontre sa)
Okenn apwòch syantifik pako janm ka eksplike klèman kòman yon ti lame nèg lesklavaj fin krabinen, ki san gwo mwayen militè ak ekonomik fè kase dan lame Napoléon Bonaparte ki te pi puisan nan epòk la? Listwa fè nou tout konnen se pat Jezi ni Allah zansèt yo te adrese pou te fè gwo eksplwa sa. Dayè Bwakayiman se kote Zansèt yo te remete an kesyon relijyon kolon an ouvètman epi refize radikalman bondye blan an, Boukman di nan priyè l la: "...𝐷𝑦𝑒 𝑏𝑙𝑎𝑛 𝑎𝑛 𝑚𝑎𝑛𝑑𝑒 𝑘𝑟𝑖𝑚 𝑒 𝐷𝑦𝑒 𝑝𝑎 𝑛𝑜𝑢 𝑎𝑛 𝑣𝑙𝑒 𝑏𝑦𝑒𝑛𝑓𝑒̀.
𝐷𝑦𝑒 𝑝𝑎 𝑛𝑜𝑢 𝑎𝑛 𝑘𝑖 𝑠𝑖 𝑏𝑜𝑛 𝑜̀𝑑𝑜𝑛𝑒 𝑛𝑜𝑢 𝑣𝑎𝑛𝑗𝑎𝑛𝑠. 𝐿𝑖 𝑣𝑎 𝑘𝑜𝑛𝑑𝑢𝑖 𝑏𝑟𝑎 𝑛𝑜𝑢, 𝑙𝑖 𝑣𝑎 𝑏𝑎 𝑛𝑜𝑢 𝑎𝑠𝑖𝑠𝑡𝑎𝑛𝑠.
𝐽𝑒𝑡𝑒 𝑃𝑜̀𝑡𝑟𝑒̀ 𝑑𝑦𝑒 𝑏𝑙𝑎𝑛 𝑎𝑛 𝑘𝑖 𝑠𝑤𝑎𝑓 𝑑𝑙𝑜 𝑛𝑎𝑛 𝑗𝑒 𝑛
𝐾𝑜𝑢𝑡𝑒 𝐿𝑖𝑏𝑒̀𝑡𝑒 𝑘𝑖 𝑝𝑎𝑙𝑒 𝑛𝑎𝑛 𝑘𝑒̀ 𝑛𝑜𝑢 𝑡𝑜𝑢𝑡!"
Kidonk li klè ekriven katolik epòk la, frè enstriksyon kretyèn (FIC sig an fransè) fòme t ap toujou gen enterè majinalize vodou epi minimize yon evènman politiko-espirityèl vodou. Se premye koz ki fè 14 Bwakayiman pa jwenn ase fòs dyalektik ki pou pèmèt yo komemore l.
Dezyèmman, Kolon yo reyisi touye pwojè peyi ki te diskite nan Bwakayiman an lè yo sasinen Desalin epi yo kòmanse enstore neyo-kolonizasyon an avèk leta Petyon an.
An siy enstorasyon neyokoloni an Petyon elimine drapo nwa e wouj Libète ou Lanmò ki senbolize revolisyon ak viktwa bosal yo kont blan kolon papa l. Dènye prensip fondalnatal Bwakayiman an di: "𝑺𝒆 𝒑𝒐𝒖 𝒏𝒐𝒖 𝒗𝒆𝒚𝒆 𝒍𝒆̀𝒏𝒎𝒊 "𝑩𝒘𝒂𝒌𝒂𝒚𝒊𝒎𝒂𝒏 𝒚𝒐, 𝒚 𝒂𝒑 𝒓𝒆𝒕𝒐𝒖𝒏𝒆𝒏 𝒔𝒐𝒖 𝒕𝒐𝒖𝒕 𝒌𝒂𝒍𝒕𝒆 𝒏𝒐𝒏 𝒂𝒌 𝒕𝒐𝒖𝒕 𝒌𝒐𝒖𝒍𝒆̀ 𝒓𝒆𝒄𝒉𝒂𝒏𝒚 𝒑𝒐𝒖 𝒗𝒊𝒏 𝒕𝒊𝒓𝒆 𝒓𝒆𝒗𝒂𝒏𝒋." Ebyen, chòy di chòy fèt. Kèk lane aprè, an 1860 eritye leta petyon an lage lekòl nan men lènmi endepandans peyi a pou alyene mantal pèp la, espesyalman elit peyi a. Sa ki lakòz jounen jodi a se pwòp Ayisyen ki transfòme an tchoul blan, esklav a talan k ap bwè san pèp Desalin lan, k ap likide peyi Bwakayiman an bay blan mannan.
Jodi a nou menm eritye BWAKAYIMAN ki konsyan nou dwe re adopte prensip Libète ou Lanmò a. Nou dwe kontinye batay Libète ak Byennèt papa Desalin lan pou n sove endepandans 1804 la. Leta neyokolonyal ki jwenn rasin li nan Aleksand Petyon epi pran manm nan Okipasyon Etazinyen 1915 la, nou pa ka ap mande leta sa favè dekrete 14 BWAKAYIMAN jou ferye. Se kòmsi nou ta mande Bonaparte re souflete tèt li ankò. Leta kretyen ki la tèlman esklav yo obsève konje chak 15 dawout pou venere yon mit jideyokretyen yo rele "Asonpsyon". Yon bagay ki pa gen anyen pou wè ak listwa nou kòm pèp.
Sa dwe klè nan tèt nou, leta sa pa leta pèp Ayisyen an! S on kolonn domestik enperyalis mete la pou regle zafè yo. Chak 14 Dawout tout eritye BWAKAYIMAN ki konsyan dwe bay tèt yo konje, leta restavèk la sèlman gen pou l konstate sa.
Menm jan òganizasyon UNESCO deziyen 23 dawout; "𝒋𝒐𝒖𝒏𝒆𝒏 𝒆𝒏𝒕𝒆̀𝒏𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏𝒂𝒍 𝒔𝒐𝒖𝒗𝒏𝒊 𝒕𝒓𝒆̀𝒕 𝒏𝒆𝒈𝒓𝒊𝒚𝒆 𝒂𝒌 𝒂𝒃𝒐𝒍𝒊𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒍." Nou menm nan KONBIT TANBOU PALE, nan non Eritye Bwakayiman ki konsyan yo nou konsakre 14 Bwakayiman (14 dawout) 𝑱𝒐𝒖 𝒇𝒆𝒓𝒚𝒆; "𝑱𝒐𝒖𝒏𝒆𝒏 𝒆𝒏𝒕𝒆̀𝒏𝒂𝒔𝒚𝒐𝒏𝒂𝒍 𝑳𝒊𝒃𝒆̀𝒕𝒆, 𝑴𝒐𝒖𝒏𝒊𝒕𝒆 𝒂𝒌 𝑰𝒅𝒂𝒏𝒕𝒊𝒕𝒆.
Se jounen pou tout Eritye Bwakayiman, Ayisyen an patikilye fè deba sou Kongrè Bwakayiman, sou libète, sou listwa peyi a ak sitiyasyon aktyèl li an jeneral. Se jou pou nou fè Kannjawou, jwe tanbou, danse, chante, koule bweson, manje griyo pou selebre libète nan memwa tout zansèt nou yo.
𝗩𝗜𝗩 𝗕𝗪𝗔𝗞𝗔𝗬𝗜𝗠𝗔𝗡!
𝗩𝗜𝗩 𝗟𝗜𝗕𝗘̀𝗧𝗘 𝗔𝗞 𝗕𝗬𝗘𝗡𝗡𝗘̀𝗧 𝗣𝗢𝗨 𝗧𝗢𝗨𝗧 𝗠𝗢𝗨𝗡!
𝗩𝗜𝗩 𝗣𝗔𝗣𝗔 𝗗𝗘𝗦𝗔𝗟𝗜𝗡!
𝗩𝗜𝗩 𝗔𝗬𝗜𝗧𝗜, 𝗬𝗢𝗡 𝗣𝗘𝗬𝗜 𝗞𝗜 𝗚𝗥𝗔𝗡𝗠𝗢𝗨𝗡 𝗧𝗘̀𝗧 𝗟𝗜!
𝐍𝐨𝐮𝐯𝐨𝐥𝐢𝐛 𝐁𝐚𝐤𝐨𝐧𝐠𝐨 𝐀𝐘𝐈𝐁𝐎𝐇𝐈𝐎
𝐴𝑡𝑖𝑠 𝑚𝑖𝑙𝑖𝑡𝑎𝑛 𝑝𝑤𝑜𝑔𝑟𝑒𝑠𝑖𝑠 𝑙𝑎𝑔𝑜̀𝑐ℎ
𝑃𝑎𝑐ℎ𝑖𝑚𝑒𝑛 𝐾𝑜𝑛𝑏𝑖𝑡 𝑇𝑎𝑛𝑏𝑜𝑢 𝑃𝑎𝑙𝑒
𝑨𝒎𝒂𝒏𝒊-𝒚, 22 𝑩𝒘𝒂𝒌𝒂𝒚𝒊𝒎𝒂𝒏 220
(𝐴𝑚𝑎𝑛𝑖-𝑦, 22 𝑑𝑎𝑤𝑜𝑢𝑡 2024)