18/05/2020
Hello, nou konnen jodi a se jounen intenasyonal de lit kont HTA yon maladi kronik pou SA nou PA k kite jou a pase San n PA di anyen de maladie petinant SA.
Donk jodi a nap pale de HTA :(Hypertension artérielle) en Français , tansyon wo an kreyol.
-Kisa ki HTA?
Nou pale de HTA le tansyon ateryel la depase limit nomal la .Selon "Bristich Hypertension society" se lè
TA> 140/90 oswa 14/9.
Pou nou ka konprann mye sa ki HTA an fe yon ti pale de presyon ateryel.
Presyon ateryel la se yon fòs ki egzèse ki pèmèt san soti nan kè à pou l sikile nan tout kò a, pou sa san an itilize atè yo kòm veso .
Gen 2 presyon ki egzèse sou veso yo :
1-PAS ou prèsyon ateryel sistolik: se lè kè à kontrakte pou l Voye san nan tout kò a yo relel tou presyon maxima se chiffre ki pi wo a.
2-PAD ou prèsyon ateryel Dyastolik:se aprè ejeksyon kè a reranpli san anko épi valve awotik la fèmen li anpeche san retour en nan kè a le sa gen yon lot presyon ki fet anko sou veso yo se PAD la yo relel tou presyon minima se chiffre ki pi piti a.
Presyon ateryel nomal la sitiye ant 120/80 ou 12/8 à 140/90ou14/9
Donk HTA se yon presyon anomalman elve ki fèt sou veso yo , ki konn silansye defwa ie siw pa kontrole ou pap konnen si l wo.
-Ki konsekans tansyon wo konn genyen sou vi moun?
Tansyon wo a k prodwi lezyon sou veso yo : --AVC ou aksidan vaskilè cérébral ou strock:se lè gen yon veso ki eklate nan tèt la kap pèmèt san gaye nan tout sèvo a oswa gen yon kayo ki bouche veso à ki rann ke oxygène pa rive nan sèvo a . Moun nan k santi tèt li ap fe l mal , vetij, anvi vomi ,troub vizyèl ,ped konesans bouch vire, ou k we tou li gen yon Bo l ki paralize. Moun nan k bay san nan nen ak nan zorey
-IMD ou infarctus du myocarde:se lè atè ki vaskilarize kè à(atè koronè) a bouche Avek yon plak atewom san pa ka pase al nouri kè à , li ka lakoz yon pati nan mis kè a mouri(Nécrose) si pa gen yon prise en charge rapide, konsa tou li k provoke yon arè kadyak briskeman.
**Men siy wap santi si ta gen yon infarctus: wap santi yon doulé anba kèw ou ka santi l tou nan ponyet goch ou epol ak nan machwa w
-ensifizans kadyak le valv ki nan kè yo vin enkonpetan pa rapò ak fonksyon yo
-Ensifizans renal
Se tout dega sa yo HTA k fe lakay yon moun ki
Ki jan de prekosyon ou k pran?
1 - kontrole Tensyon ateryel ou souvan
2- siw déjà konnen ou fe tensyon wo toujou pran médikaman w à lè pou tansyon w k toujou rete stab
3- Manje sènman; mwens grès , mwen sèl ,
NB siw te gentan fe yon pemye strock evite pou w pa fe yon lot paske li ka kite sekèl pou ou oubyen li tou touyew
Komante
Like
Pataje
Al abone AK Chanel YouTube "Haïti santé" a n'ap jwenn anpil bel video sou koze la sante . swiv nou sou Instagram toujou "Haiti santé "
Dr Laguerre