21/11/2025
🙏🏿NÒT REMÈSIMAM AK SANSIBLIZASYON!!!
Jwenn chans patisipe nan yon Koup Mondyal Football pa sèlman al jwe balon, men se yon Okazyon ki pral pèmèt ou mete tout yon peyi an Valè-
Prezan nan Mondyal 2026, Se yon Evenman Ayiti jwenn chans patisipe pou yon 2e fwa apre 52 lane ki kapab atire tout kalite richès Pou peyi a-
Direksyon CFORA kontan anpil Pou bèl VIKTWA sa seleksyon nou an bay Nasyon an nan yon jou ki raple nou viktwa Lame ENDIJÈN nou an sou Lame Napoleyon an- Nou koube byen ba pou salye EWO sa yo ki tap jwe ak tout nanm yo pou rache KALIFIKASYON ISTORIK sa, pou yon peyi kote ENSEKIRITE fè pwòp pitit li paka viv anpè ladann-
Nou swete tout pitit peyi a konprann valè viktwa sa e profite voye yon mesaj LAPÈ ak REKONSILYASYON bay tout lòt peyi, pou montre tout mond lan se pa sèlman nan bagay negatif yo nou ka fè pale de nou-
Wi nou fè listwa deja, men nou ka refè yon lòt istwa nan pèmèt LAVI REPRANN nan tout peyi nou- Administrasyon CFORA mande Tout kouch, tout sektè nan Peyi a, Ann profite moman Favorab sa Pou nou kiltive LANMOU ak FRATÈNITE nan mitan yon Nasyon kap chèche sèlman yon minimum pou li kapab viv ak diyite lakay li-
Pandan nap selebre FYÈTE ak KONTANTMAN pou peyi nou, « Pa janm bliye, nou se yon sèl pèp, sa vle di, ZAFÈ KABRIT DWE ZAFÈ MOUTON »
Ke Granmèt la kontinye voye je sou Nasyon an e akonpanye SELEKSYON nou an nan tout pakou gwo eveman Mondyal sa!!!
✍🏾Direksyon CFORA / [email protected]
Okap, 20-Nov-2025