21/03/2020
Kap Ayisyen, Ayiti 21 Mas 2020
De: Jaklen JanBatis, Medsen
A: konpatriyot ayisyen parèy Mwen yo.
Objè: Envitasyon a la pridans.
Chè konpatriyot, Mwen retire chapom byen ba poum salye nou tout nan non bondye kigen tout pouvwa a, limenm ke nou konsidere kom pigro Medsen pa ekselans kita ka janm egziste.
Konpatriyot Mwen yo, Mwen konnen noupa trò renmen li, e problèm kivin sakaje nou nan dènye jou sayo, non selman sàn tap tande kap pase nan lot peyi, plis sa nou tande jedi kite 19 Mas la, atravè anons a la nasyon prezidan repiblik ayiti a kite aprann nou sepa lot kote ankò ke maladi koronaviris la ye, men pito li deja lakay nou, bagay sayo deja pati ak tèt nou nèt, men kanmenm, mwen deja remèsye nou pou kouraj nou paske nap sakrifye Yon titan poun li e pataje ti lèt sa ak tout kontak nou.
Chè konpatriyot, eksperyans kem fè premye jounen apre prezidan te fin fè anons a la nasyon an fèm enkyete anpil, lem tande anpil moun kap di se letènel ki mèt tout bagay, nan non de jezi, yopap gen anyen, e yopa gen okenn pridans yopral fè,
Konpatriyot Mwen yo, Mwen Konnen bondye fidèl, e sil pat fidèl, pou jan sitiyasyon lakay nou ye, pou jan nou ap fonksyone, Yon maladi ke mikrob bay, se lakay nou li tadwe soti, men fidelite bondye tèlman gran, li pèmèt se preske an dènye li rive sou nou ayiti, se de fason poun kapab fè pridans e gentan konnen tout metòd poun itilize poun evite pran li.
Mwen konnen nou gen lafwa, Mwen Konnen nou priye anpil, men kitem di nou, menm jezi, lè lèl pat poko rive poul te mouri, konn gen lè yo vini pou yo te pran li, men li tekonn kache, anplis nou ap viv nan yon mond kote tout moun kwè nan mirak, tout moun preske kwè se nan peyi etranje ke delivras li ap soti, mache legliz ak paspò, anvi pati fè nou anpil fwa pedi grosè lafwa nou, nan fè tout kalite bagay. Saki pousem panse san yon fo jijman, anpil fwa nou pèdi lafwa. Mezanmi, olye nou di tout lot bagay, Ann aplike sa labib di nou, Ann veye, Ann priye.
Konpatriyot Mwen yo, anpil temwaya