Haitien Tout Kote

Haitien Tout Kote RELE HAITIEN TOUT KOTE
POU TOUT SERVICE IMMIGRATION!!

09/26/2026

Aprè dimanch, lendi sa a, nou santi Bondye deplase mòn yo nan mitan dezè a. Prezidan an pale sou enpòtans mendèv Ayisyen yo. Nou bezwen santi yon lòt limyè espwa lanse. Batay ak lafwa, konviksyon, ak determinasyon pou nou montre nou kwè nan sa n ap fè a.

09/26/2026

Malgré kalamite ak tèt chaje nan lari a, n ap fè anpil pwogrè, espesyalman sou Bill S4814 la. Nou batay ak esperans ak lafwa, paske sèlman antre dènye pale a, nou pase de 35 a 42 nan kesyon S4814 la. Sa montre genyen avansman.

09/26/2026

Nan moman difisil sa yo, nou bezwen santi yon limyè espwa. Ansanm, nou dwe goumen ak lafwa, konviksyon, e determinasyon pou montre nou kwè nan sa n ap fè. Pa dekouraje, menm lè gen defi. Chak jou se yon etap pou n avanse ansanm nan batay sa a.

09/26/2026

Nan epòk sa yo ki plen tètchaje, yon senp vizit oswa yon apèl ka fè yon gwo diferans. Yon moun ou renmen ka ap viv nan solitid san ou pa konnen. Nou ap viv nan tan kote anpil moun santi yo izole. Montre yo ou la pou yo, menm si se jis pou yon ti pale. Solidarite ak lanmou nou ka ede yo fè fas ak tout sa.

09/26/2026

Nou pa ka rete nan pwoblèm yo pou lontan. Nou bezwen yon entèvansyon rapid Bondye, men sa mande pou nou fè aksyon tou. Lè nou lapriyè, nou dwe aji tou. Bondye pa vle endiferans. Yonpri, jwenn tan demen samdi a pou nou priye ansanm, kèlkeswa kote nou ye, pou moun ki nan difikilte nan peyi nou ak lòt kote.

09/25/2026

Nan tout kote, menm jan ak Florid, New York, ak Chicago, nou ap priye ansanm. Pawòl la di si de ou twa dakò pou mande, Bondye ap bay. Lè malere a kriye, Bondye tande l’ epi li egzanse l’.

09/25/2026

Aprann sou batay la pou konviksyon ak determinasyon nan objektif ou yo. Soti nan New Mexico rive Wisconsin ak Pennsylvania, chak etap enpòtan. Priye pou viktwa John Fetterman epi prepare pou etap k ap vini yo. Solidwize ak imigran yo ak kominote atravè lemond.

09/25/2026

Pa janm bliye, fòs ou se lafwa ou. Menm lè tout moun di ou pap janm rive, si ou kwè, inivès la ap reyini pou ede ou. Nou rive yon etap nou pa t janm panse, e nou genyen batay la devan nou.

09/25/2026

Travay di, suiv lalwa, epi bay tout sa w genyen pou peyi sa a. Soti nan enfimyè ak pwofesè rive nan biznismann ak etidyan, nou tout ap lite pou yon pi bon avni. Nou konnen lè nou mete lafwa nou, menm montay yo ap deplase. Kenbe fèm!

09/25/2026

Nou rive a karant-sèt (47) nan lejislati a, sa vle di nou finn kouvri tout demokrat yo. Kounye a, nou bezwen 13 repibliken pou nou rive a 60. Men, nou pap sispann la, n ap kontinye jiskaske nou rive a 66 oswa 67 pou nou ka asire yon chanjman reyèl ak yon fen nan mizè.

Address

2401 Fountain View Drive Suite 464
Houston, TX
77388

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haitien Tout Kote posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Haitien Tout Kote:

Shortcuts

Share