07/27/2026
Mibalè: Majistra Lochard Laguerre retire kouvèti li te konn bay gwoup Back-Up Feray
Nan yon deklarasyon li bay laprès, Majistra komin Mibalè la, Lochard Laguerre, anonse li retire tout kouvèti ak sipò li te konn bay gwoup Back-Up Feray.
Daprè majistra a, nenpòt moun ki ta rankontre yon moun ame k ap prezante tèt li kòm manm gwoup sa a ta dwe remèt li bay Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak otorite jidisyè yo.
Li fè konnen desizyon sa a pran apre plizyè chita pale ak manm Komisyon pou Lapè a. Li presize tou desizyon an te pran an prezans reprezantan Lapolis ak lajistis.
Pou pati pa li, laprès pa t jwenn aksè nan lokal kote Jij de Pè a t ap fè envantè ak pwosè vèbal sou materyèl yo te remèt bay otorite yo.