09/15/2026
PatriDekouvèt
PatriDekouvèt se yon ribrik ki pral pami piblikasyon regilye sou paj Facebook Zafè Patrimwàn (ZP). Li gen pou objektif mete an valè, fè konnen epi sansibilize piblik la sou richès patrimwàn ayisyen an.
Nan chak piblikasyon, PatriDekouvèt pral prezante yon eleman nan patrimwàn peyi a, kit li natirèl, kiltirèl, materyèl oswa immateryèl. Ribrik la pral pèmèt piblik la dekouvri diferan patrimwàn ki egziste nan divès depatman ak komin peyi a, atravè enfòmasyon sou kote yo sitiye, orijin yo, istwa yo, karakteristik yo ak enpòtans yo.