04/15/2026
non yo paka vann ou kay Sainte Anne, Sainte Anne se yon espri saint, se yon dimansyon Erzulie ki manifeste konsa. Si w konn mete menw nan san ou paka ale kote Sainte Anne paske depiw te mete menw nan san pou nenpòt rezon ou antò. Wi yon moun ka vann ou kay yon dyab men se pa nenpòt moun, se manman w oubyen papaw siw poko marye, yon pitit ou. apre sa, frè paka vann yonn lòt, ou paka vann pitit deyò, ou paka vann ti mennaj, ou paka vann fanm deyò, ou paka vann bèlmè, bèlsè, bòfrè etc... ou paka vann okenn fanmi. egzanp ou gen yon pitit fi epi w al vann pitit frèw la, djab la ap aksepte epi jou lanmò a se pitit paw la kap pase. menmjan pou bèlmèw, manman w kap pase. ou bay matant, manman w kap pase, ou bay marenn, manman w kap pase. Si bagay yo te fasil konsa tout moun tap rich nan bay moun agoch a dwat. Ou supoze peye yon pri ki chè, djab la konn kiyès ki chè pou ou e se limenm lap pran. Ou pa tande sam diw ou al fè foolish se pwoblèm paw. Atann ke wap fè yon gwo pèt. pa twò cho nan koze djab, plus focus sou lwa w